Eske Dijisèl nan konbinezon ak Pierre Esperance?

0
770
Yon batiman Dijisèl nan Pòtoprens

Sitwayen Sherlson Sanon, Pierre Esperance ak Marie Yolène Gilles te kidnape, epi fè l pase 10 zan nan prison, pat bezwen okenn prèv pou l jistifye kokenn krim oganis dwazimen RNDDH fè sou li.  Men pou l te gen plis dokiman pou l atake anjistis Pierre Esperance, avoka l te ekri Dijisèl mande l yon relve apèl telefonik ant Shelson ak Esperance pandan 3 zan.

Tande ak kwè se de. Ou konnen Dijisèl voye yon relve soti nan fen mwa janvye ak fevriye 2023, aloske Shelson libere depi 20 janvye 2023, depi lè sa a li pa gen okenn kontak ak antreprenè ensekirite a.

Pierre Esperance

Ala koken, sa montre asosiyasyon malfetè sa a gen anpil kriminèl ladann,  li pa gen sèlman jounalis ak yon latriye medya grangou, men li gen kèk gwobwa nan boujwazi kowonpi a tou.

Sherlson Sanon, jou vandredi 20 janvye 2023, lè l te jwenn liberasyon li

Malere, malerèz antrave nan peyi sa  a! Lajan koripsyon Pierre Esperance lan kontwole lajistis, lapolis, kèk jounalis visye ak medya grougou, men li gen kontwòl tou yon konpayi telefòn tankou Dijisèl.

Kijan pou peyi sa a fè chanje, pou pèp la jwenn jistis ?

Se sèl yon revolisyon total kapital ki pou wete jenou klas nanti santi sa yo sou kou pèp ayisyen an.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here