Doktè Ernst Mirville (Pyè Banbou) travèse !

0
1064
Doktè Ernst Mirville (Pyè Banbou)

Doktè Ernst Mirville, se te youn nan manm Akademi Kreyòl ayisyen an, li te konn ekri nan lang kreyòl la, sou non Pyè Banbou, li te manm fondatè Sosyete Koukouy. Li pote yon kokenn kontribisyon nan emansipasyon lang kreyòl la, li te menm pran prizon nan Fòdimanch sou gouvènman makout divalyeris la. 

Li pibliye plizyè liv sou kesyon kreyòl la tankou Manifès Mouvman kreyòl (1966)
Deviz (1974) Rechèch, (1979), Siwolin (1984), Tim-Tim (1985) Similak (1998) san nou pa bliye Bilap ki se Bilten Enstiti Lengistik Aplike Pòtoprens ak anpil lòt ankò.

  Se nan lannwit madi 8 jen an, powèt, lengwis, pwofesè Pyè Banbou te vwayaje, li te genyen 80 lane.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here