Arestasyon Jean Chrisilhomme Romain !

0
320
Jean Chrisilhomme Romain

Lapolis Nasyonal Ayiti (PNA) fè konnen yo te arete jou maten madi 9 janvye 2024, nan ri Sentonore yon sitwayen ki rele Jean Chrisilhomme Romain. Ki moun li ye menm ? Pou moun ki pat konnen Jean Chrisilhomme Romain se yon anplwaye nan antrepriz kidnapin Kempès Sanon ap dirije nan Bèlè. Li se chofè patwon antrepriz kidnapin lan. Sa vle di li se chofè lidè gang Bèlè a, Kempès Sanon.

Chrisilhomme fèt 21 oktòb 1991 nan Grand-Goâve, nan depatman Lwès la. Li genyen 32 zan. Yo arete l pou patisipasyon prezime nan fè zak kriminèl òganize.

Se gang ame sa a, ki tabli nan Bèlè, Kempès Sanon ap dirije. Li fè anpil atak sou moun Solino yo kote nan jou dimanch 19 novanm 2023, li te touye plizyè moun ak zam li, pami moun sa yo, te gen Vladimir Marcelin ki yon ofisye polis nasyonal, 27yèm pwomosyon Pnh la.

Kempès Sanon

Gang sa a touye tou, Solon Fortunat yon pwofesè fizik ak matematik nan Lekòk Nòmal Siperyè ak Fakilte Syans nan Inivèsite Leta Ayiti (ILA), ansanm ak yon ofisye polis nasyonal, Wilio Idoccy, li te touye ak bal nan Kafou Peyan, nan yon nouvo atak gang ame Kempès Sanon nan Bèlè kont Solino, nan apremidi jedi 7 septanm 2023 a.

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here