Lè pale anpil la fini !

0
197
Jimmy Cherizier

Dimanch 6 oktòb mwen t al tande Jimmy Cherizier sou Tiktòk lan yon pale mouche te fè andirèk sou platfòm sa a.

Mwen t al koute l pou plizyè rezon. Tou dabò mwen se yon sitwayen origin ayisyen ki vle konnen ki jan pou sove peyi sa a. Anplis mwen se yon jounalis ki gen yon fòmasyon fòmèl depi plis pase 25 lane lan metye a. Mwen se tou yon analis ak yon editoryalis politik kab ekri depi dikdantan sou zafè nasyonal ak entènasyonal.

M al koute l paske mwen tou se yon doktè chirijyen k ap wè soufrans imèn preske chak jou, k ap  pran pitye chak jou pou sa k pase lan peyi nou an.

Sou layv sa Mouche Cherizier bay sou Tiktòk, mwen kòmanse kwè solisyon an—pou nou kòmanse jwen solisyon peyi sa a—se lan men l li ye.

Ou mèt tande sa w vle: misye se yon bandi, se yon masakrè, se yon espyon pou meriken, se yon ajan pou elit yo, se yon kriminèl, ou mèt tande tout bagay sa yo, se li ki gen Zam lan men l ansanm ak tout lòt yo, se limenm ki kab pote yon kòmansman solisyon lan kriz peyi a ap travèse a.

Antanke medsen, chirijyen… lè mwen lan sal operasyon, mwen gen kouto ak sizo lan men m, se yon bagay enpòtan sa ye. Si nou vle konprann na konprann.

Li gen dwa mouri nenpòt ki lè, yo gen dwa touye l nenpòt ki lè, men, mwen pa wè depi sou Aristid an 1990 ki lòt moun sou sèn politik lan, ki lès lòt ki kab vini ak yon KOMANSMAN  SOLISYON.

Mwen ezite anpil anvan mwen di sa. Chérizier gen Zam lan men li, li ak yon seri  lòt moun ki gen zam tou.  Men li di sou TIKTOK  yo tout preske  fatige  men yo pare pou negosye padon, akseptans, reyentrodiksyon lan sosyete ayisyen an.

Men li di, li pare mouri tou ak tout lò yo ki gen zam lan men yo kont moun ki pa vle sa y ap mande yo.

Chérizier di li konprann  genyen anpil zak malonèt nèg ak zam yo fè.  Li regrèt sa k pase Pon Sonde a kote anpil moun mouri men li di se paske se yon “aksyon ak reyaksyon” kòmkwa gen moun ki t ap pouse yon lòt moun bay oubyen fè BWA KALE kont yon lòt pati popilasyon an. Epi reyaksyon fèt.  Se sa li di, Mwen pa verifye, mwen pa konnen!

Te gen anpil moun ki te sou Tiktòk lè li t ap pale a: apeprè 5000 moun. Mwen te rantre lan ta sou platfòm lan. Se 2 moun sèlman ki te gen dwa poze l kesyon.

Anmaj detoutsa,  Jimmy  Chérizier, te fè parèt yon video ki di l te gen yon reyinyon lan ANBASAD MERIKEN. Sa ki te diskite nou pa konnen. Gen lòt moun ki di a pa Amas ap negosye ak Izrayèl pou lapè lan MwayenOryan an. Apa Taliban yo te negosye ak meriken anvan yo te pran pouvvwa lan Afganistan, an Kolonbi , elatriye…

Antouka mwen pote atik sa  kòm yon apèsi, yon fenèt mwen ouvri sou kriz Ayiti ap travèse konnya a.

Mewn ta renmen anpil sa yo rele bandi yon konprann tou li pa fasil pou mande yon popilasyon ki sibi anpil bay padon. Chérizier di l ap fè tout sa li kapab pou merite padon sa a. Li di l ap fè tout jan pou debloke ak lòt gwoup VIV ANSANM lan yon seri aks routye kote se LaPOLIS MENM ki bloke wout sa yo ak tank k ap tire sou tout bagay k ap bouje —mwayennan kèk bank lajan—defason gwo konpayi aeryen ou konpayi sou lanmè fè lajan e reyalize gwo pwofi. À vérifier!!

Peyi nou an ap travèse yon kriz ki fon anpil. Antanke medsen, chirijyen, jounalis, imanis, mwen panse fòk nou tout ayisyen chèche solisyon an. Lè mwen lan sal operasyon, mwen gen kouto ak sizo lan men m, se yon bagay enpòtan sa ye. Si nou vle konprann na konprann.

Antouka, se pa chita pale anpil, se mete SOLISYON sou tab ki pou SOVE PEYI  SA A, POU  SOVE MALAD LA.

LÈ PALE ANPIL FINI kou wè mwen te di yon bon zanmi mwen dènyèman !

Dr Carl Gilbert, MD
7 oktòb 2024

HTML tutorial

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here