Ban m pa m sa dous
Ban m pa m sa dous
Ban m pa m sa dous
M ap mete siwo ladan l
Chante Ayisyen
Ayibobo pou Chèf Lin ak pou nou tout ki kore l nan lokazyon plèn lin lan. Nan lokazyon sa a genyen tout ond enèjetik anplis k ap bay anpil dlo. Kiyès ki pa konnen dlo se youn nan pigwo enèji manman lanati pote soti 21 mas pou rive 13 avril pou remèt kòsmòs lan li. Donk l ap vibre ak yon koulè wòz ki vle di lanmou ak richès. Selon Nago Naya, nouvèl ane sa ki kòmanse 21 mas anonse anpil enèji ki lye ak amonizasyon, lanmou, negosiyasyon, diplomasi.
Menm si se pa nenpòt moun ki te prepare pou resevwa Enèji sa, twòp konfli, twòp lagè toupatou, men Chèf Lin Inosan se youn nan ra moun k ap fè jèfò pou l ka resevwa Enèji sa a. Youn nan pibon bagay plèn lin sa a pote pou chèf Lin se Enèji sa a pral reveye tout fòs ki anpeche l dòmi yo. Donk plèn lin nan se nan moman pou manzè Lin ret kanpe byen djanm sou 2 pye fanm vanyan l pran depi lendi 7 pou rive madi 15 avril.
Panda 8 jou men longè sa a yo, san l pa janm fèmen menm youn nan de grenn je l yo pou l ta fè yon ti kabicha pou l sèvi ak tout 10 dwèt li pou l prepare 150 plat manje lakay dyòl Loulouz. Si gen yon Èspri ou yon Zansèt nou youn pa janm wè, manzè limenm li rive wè l. Se moman pou n fè rityèl ak Lwa lakay nou pou mande yo kore chèf Lin pou l pa janm dòmi pou vin ede Ayiti bat rèkò Ginès 150 plat manje cho byen gou koupe dwèt nan 8 jou.
Tout Ayisyen natifnatal depi nan lendi 7 avril dwe kanpe depi nan maten, pou limen yon balèn wòz epi mouchwa wòz nou nan tèt nou pou n mande pasaj pou Lin. Se pou tout èskòt Èspri Zansèt nou yo bay chèf Lin pasaj nan tout lanmou n gen pou li pou l rive jwenn tout Enèji sa yo k ap degaje pou reveye tout fòs li ki se pitit fon zantray Peyi n nan pou l rive pot lamayòl rekò Ginès 150 plat manje nan 8 jou san pran souf san dòmi san chita.
Nango Naya mande kèlkeswa kote n ye, depi w se Ayisyen, pa bliye liminen pou fè demann sa a pou chèf Lin ka leve eskanp figi Ayiti nan moman difisil sa a yo. Efektivman chèf Lin lè l fin pote lamayòl sa a dwe yon sous enspirasyon pou jenn fanm Ayisyèn nou yo. Fanm Ayisyèn piga n janm limite tèt nou toujou panse nou ka simonte gwo mòn barikad zòt tout kalib monte nan devan avni nou. Apati de ekzibisyon sa a chèf Lin sot bay tout latè la a, sa montre se moun ki gen pèseverans ki ka rive jwenn bout lavi a.
Chèf Lin Inosan: Yon fyète nasyonal
Se tout Ayiti k ap voye yon flonn Mèsi alagouj pou chèf Lin, ki se yon boul limyè k ap klere chimen jenès la !!!!! Ak plis pase 84,5 mil espektatè pou jounen lendi 14 avril 2025 la sèlman layv chèf kizin Ayisyèn nan Lin Ekselan pot lamayòl kòm Fanm ki pi popilè sou Tiktòk. Aprè manzè se Talya Ka ki gen plis pase 64,4 mil epi Estilya vin an 3zyèm pozisyon ak plis pase 51,2 mil espektatè. Pou sa k gen pou wè ak kado menm, chèf Lin vin an premyèz ak piplis pase 383,6 milyon tapotaj.
An plis plizyè milye espektatè k ape li pou lemoman layv manzè depase plis pase 267,7 mil pataj. Tout chif sa a yo montre kouman popilasyon an ak kominote ayisyen an kore fanm vanyan sila a. Chèf Lin, Pèp Ayisyen an deja wet chapo devan w pou l ba l bèl ochan kòm youn nan Fanm ki ka chita an gran jan kale kò l sou lòtèl menm kote ak tout Fanm ewoyin nasyonal nou yo kou Madanm Papa Dyesalin yo konsa.
Detan fanm potanta Kolektif Non yo pe krache sou chèf Lin ki pe fè jèfò, yo pito al kore yon ti manzè manman krèy yo bay Pou sò Wòzlann Beloni. Nou pa kab fini nèt san n pa fè sonje pou chèf Lin te rive pote lamayòl rekò Ginès 150 plat manje nan 8 jou sa a, li te bezwen anpil mwayen sou tout fòm. Manzè mande tout fanm Kolektif Non yo, yo tout di l non non non. Li mande oligak 184 GNB yo bourad yo tout di l demele l met grenn nan bouda l pou l ale. Li mande politizyen zakoloray Konvèjans yo. tout di l lide l la pa fè okenn sans. Anvan chèf Lin te gen yon ti manzè yo rele Zeyinab Bonnse ki te bat rekò sa a tou men se 5 jou sèlman l te fè. Ti manzè Ivwaryèn sa malgre tout jèfò l te fè pat rive kenbe pou piplis tan.