Yon Ayisyen dezyèm nan konkou Bote « Miss Univers 2017 » la

0
3117
Raquel Pelissier Premye « Dauphine »

Dimanch swa, yon jèn Ayisyen Raquel Pelissier pote dezyèm pri nan peyi Philippines kote yo t ap òganize nan « Mall of Asia Arena » ki chita nan kapital la Manille 65yèm edisyon kokenn konpetisyon bote entènasyonal « Miss Univers 2017 »

Andrea Tovar, ki soti Kolonbi dezyèm « Dauphine »
Andrea Tovar, ki soti Kolonbi dezyèm « Dauphine »

Te gen 12 finalis ki se : Raissa Santana (Brésil), Siera Bearchell (Canada), Andrea Tovar (Colombie), Deshauna Barber (Etats-Unis), Iris Mittenaere (France), Raquel Pelissier (Haïti), Kezia Warouw (Indonésie),  Mary Esther Were (Kenya), Kristal Silva (Mexique), Keity Drennan (Panama), Valeria Piazza (Pérou) ak Maxine Medina (Philippines).

Mittenaere Iris « Miss Univers 2017 »
Mittenaere Iris « Miss Univers 2017 »

Se konpatriyòt nou Raquel Pelissier 24 lane ki te eli Premye « Dauphine »  ak Andrea Tovar, ki soti Kolonbi dezyèm « Dauphine ». Men se Mittenaere Iris (23 ans) ki soti Lafrans ki pote lamayòl « Miss Univers 2017 » la.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here