Pozisyon MODEP sou desizyon kriminèl gouvènman Moïse/Lafontant an pou monte pri gaz la sou do popilasyon an

0
3780
Prezidan Jovenel Moise ak Premye minis Jack Guy Lafontant

An n mobilize kont desizyon kriminèl gouvènman Moise / Lafontant pou monte pri gaz la sou do popilasyon an

Nan moman gouvènman Privert/Jean-Charles la te deside ogmante pri gaz la, kandida Jovenel Moise te deklare: «Se moun ki rayi pèp la, ki pa konn mizè pèp la ki vle ogmante pri gaz». Nou kontan wè jounen jodi a, kouman se li ki rayi pèp la kap monte pri gaz sou do l, apre tout kalamite pèp la ap monte nan tout peyi a apre siklòn Matye ak inondasyon ki mete plizyè zòn nan peyi a anba dlo.

Agiman gouvènman an bay pou monte gaz la pa kenbe. Gaz la pa monte sou mache entenasyonal la epi kesyon gaz ki vann pi bon mache an Ayiti pase Sendomeng nan se yon chantaj. Konbyen pwodui bizisman ayisyen ap achte Sendomeng bon mache pou vin vann nan peyi a byen chè ? Ki pouvwa dacha ki gen nan ekonomi dominikèn nan ?

MODEP ap mande palman an menm jan yo te fè sa sou Privert/Jean-Charles pou mete dlo nan apeti kriminèl yo ki nan pouvwa ki vle souse san pèp la. Epi tou, si gouvenman Moise/Lafontant an bezwen lajan vre pou ta swadizan amelyore kondisyon lavi mas yo, se pa gaz la pou li monte. Men pito, li dwe :

a) Elimine tout sibvansyon Leta bay yon bann gwo palto, tankou sibvansyon pou minis, palmantè, direktè jeneral elt…

b) Diminye kantite ministè, kantite konseye tout kalte ki gen nan palè a, nan primati ak nan ministè yo, kanpe pwovizwaman yon seri enstitisyon ki pa sèvi popilasyon an anyen tankou Lotri nasyonal, Direksyon zòn franch ak ZLEA, kanpe sou pil ak pakèt vwayaj pou pèdiyèm yo;

c) Mete anba kòd, tout gwo chabrak, fonksyonè Leta ki enplike nan piye kès Leta ak lajan PETROCARIBE a, sezi byen mobliye, imobilye ak lajan yo gen labank;

d) Diminye kantite franchiz dwanyè, ekzonerasyon fiskal gwo chabrak nan peyi a genyen ak tout enstitisyon entènasyonal, rejyonal, bilateral yo sou baz relasyon diplomatik ;

e) Konbat tout bon kòripsyon nan Leta, chak lane anviwon 50 pou san nan bidjè nasyonal la pase nan kòripsyon, konbat kontrebann ak evasyon fiskal boujwazi raketè, revandèz la ak koutye boujwazi entènasyonal la ap fè nan peyi a ; sou chak 100 goud resèt fiskal leta ranmase nan peyi a se apèn 8 goud ki soti nan sektè prive, 68 goud ladan l se popilasyon kap bat dlo pou fè bè a ki sipòte l,

f) Ogmante salè minimòm ouvriye yo 800 goud pou pi piti, pou soulaje mizè yo jan sendika konsekan yo ap mande l la ;

g) Satisfè revandikasyon pwofesè yo ak elev lise yo, olye nou depanse lajan pèp la nan bay gwo palto sibvansyon ;

h) Sispann blanchi yon pil lajan nan kanaval, nan karavàn bidon, men panche vre sou vrè problèm peyizan ak moun nan pwovens yo ki se refòm agrè entegral, bon jan lekòl, wout, elektrisite, bon politik kredi pou travayè ak travayèz yo ;

i) Mete plis taks sou benefis antrepriz yo, sou pwodui liks k ap rantre nan peyi a ak sou pwodui pèpè k ap kraze pwodiksyon lokal la ;

j) Pran mezi pou bloke toutbon emoraji goud la fas ak dola nan koumanse pa mande anbasad meriken pou l sispann fikse to a nan plas Bank Santral ;

k) Kanpe sou yon seri akò mache lib nan peyi a ki lakòz Leta ap pèdi yon pakèt milyon sou resèt ekstèn yo.

Se pou tout rezon sa yo, MODEP ap mande pou tout òganizasyon pwogresis, tout travayè, pwofesè, elèv lekòl, ti machannn, ouvriye, chomè yo leve kanpe pou ekzije gouvènman an fè bak sou dezisyon kriminel sa. Epi gonfle ponyèt nou, gonfle fòs nou ansanm pou nou fini ak Leta peze souse, piyajè, kriminèl sa a. N ap pwofite mande tout sendika ki pa nan konplo pou monte gaz la, pou yo pran distans yo ak sendika konplotè yo epi akonpaye pèp la nan batay pou fòse pouvwa a fè bak sou desizyon kriminèl sa a.

Pise gaye pa kimen !
Viv lit pèp la ! Viv lit travayè ak travayèz yo !

Pou MODEP :
Nixon Boumba, Guy Numa ak Elysée Luckner Vil

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here