Lèt tou louvri kèk sendika ouvriye yo pou prezidan Jovenel Moise

0
1614
Ouvriye k ap bourike tankou esklav pou kreye richès ak gonfle kont anbank patwon yo

Mesye, Jovenel Moise
Prezidan Repiblik la
Nan Palè Nasyonal

Mesye Prezidan,

Nou ki Regwoupe nan Platfòm Sendika Izin Tekstil Batay Ouvriye (PLASIT-BO), Central National des Ouvriers Haïtiens (CNOHA) ak Groupement Syndical des Travailleurs, Travailleuses pour la re-exportation Assemblage GOSTTRA/CTSP, pran plezi pou salye w e profite pou fè w konnen kouman Ouvriye yo ak Platfom Sendika a sezi aprann nan media yo, Mesye Fritz Charles (alias Papo), ak Pierre Joseph Polycarpe, ta nonmen kòm reprezantan sektè sendikal la nan konsèy siperyè salè a (CSS).

Platfòm nan, nan non tout Ouvriye yo, vle fè w konnen, Mesye Charles ak Mesye Polycarpe kapab reprezante tout lòt sektè nan peyi a, sof sektè Sendikal la, paske :

1.- Nan dat 30 octòb 2014, Mesye Pierre Joseph Polycarpe nan yon konpwomi ak sektè patronal la, yo te ekri Mesye Renan Hedouville ki se direktè travay ki fè ofis prezidan CSS la, pou yo te mande l fikse salè minimòm nan a 250 goud epi pou l te rete konsa jiska septanm 2018.

2.- Mesye Pierre Joseph Polycarpe, pa gen okenn reprezantativite nan sektè Textil la, donk, li pa gen okenn lejitimite pou l eli nan non okenn Ouvriye anplis yo pran kèk pozisyon piblik kont enterè travayè yo.

3.- Mesye Pierre Joseph Polycarpe, pa gen okenn sansiblite sendikal ni pou Ouvriye, se yon pro-Patron, yon ajan doub kap travay nan enterè sektè Patrona a.

Pou mesye Fritz Charles ki se manb direktwa pati respè, an menm tan manb (UTL) Unyon Travaye Lib, ki te siyen lèt sa a ke Patron yo te ekri ba li, kontrèman ak sa ki di nan atik 137 kòd travay anvigè a, ak atik 4 nan lwa 2009 sou salè minimòm nan, menm mesye sa yo ane sa a ankò Pierre Joseph Polycarpe nan mwa avril pase a yo ekri plizyè enstans tankou MAST, BETTER Work Haiti, BMST, ADIH, USDOL pou site sa yo sèlman, pou di yo pa nan lojik pou ogmante salè minimòm ane a, konpòtman sa se yon atitid Imoral, se yon zak trayizon ki pa mache ak okenn lojik revandikasyon Ouvriye yo.

Mesye sa yo pran pozisyon piblik en favè Patron kont enterè ak avantaj Ouvriye k ap bourike kom esklav pou kreye richès ak gonfle kont anbank patron.

Mesye prezidan, pou tout rezon sa yo, prèv sa yo ak lot ankò kap vini, Ouvriye yo prete vwa Platfòm pou DENONSE epi KONTESTE ak tout fòs nou nominasyon sa yo ki se yon deklarasyon lagè, yon zak enjerans grav nan zafè sendika e se yon vyolasyon grav konvansyon 87 ak 98 (OIT). Prezans 2 reprezantan patron degize sa yo nan CSS la, se yon menas pou enstabilite envestisman nan peyi a, pou lapè ak trankilite ke nou tout nou bezwen.

Nan sans sa, Òganizasyon sendikal siyatè lèt sa a, ap mandew pou w anile arete ki nonmen mesye Pierre Joseph Polycarpe, ak Fritz Charles (Alias Papo) kòm reprezantan sektè Sendikal nan CSS la, epi nonmen nan plas yo reprezantan ke Ouvriye travayè yo chwazi nan konsètasyon ak demokrati.

NB: Nap anekse nan do korespondans sa a let pozizyon piblik mesye sa yo te siyen ansanm.

Pandan nap kenbepwosesis dialòg la, negosyasyon nan respè yon pou lòt pou rezoud kriz la, ki dire tròp deja.

Moun ki siyen yo se :

Reginald LAFONTANT

Kòdonatè Nasyonal GOSTTRA-CTSP

Clerger Felixon

Delege PlASIT-BO

Jean Woodly William Cadet

Sekretè jeneral CNOHA

Kopi konfòm:

Mesye Fritz Charles (alias Papo),

Pierre Joseph Polycarpe

Protektè Sitwayen

Komisyon Afè Sosyal 2 cham yo

Oganizasyon dwa Moun yo

Minis Afè Sosyal la

Medyatris travay la

Avoka nou, Me. Evel FANFAN

La près pale, ekri ak Televize

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here